Accessibility links

Breaking News

Ikrèn: Putin Defye L'OTAN, Lame Ris la pral Kontinye Pilonnen Donbass


Russia Putin
Russia Putin

Vladimir Putin defye peyi oksidantal yo Jedi, apre li te fè yon deklarasyon kote li di " Larisi "poko kòmanse okenn bagay serye" nan Ikrèn, pandan ke lame li a redouble bonbadman li yo nan vil ki nan lès peyi Ikrèn .

Putin, te adrese li ak Ameriken yo ak Ewopeyen yo ki akselere livrezon zam lou ak materyèl militè bay Ikrèn pou ede li konbat envazyon ris la.

Prezidan an te kontinye poul di "Nou tande ke yo vle fè defèt nou sou chan batay la. Kisa mwen ka di? Kite yo eseye!"

Nan menm chita pale sa a Putin te di ke opsyon chita pou negosye avek Ikrèn lan toujou la -- "an menm tan, nou pa refize negosyasyon lapè".

Nan Kramatorsk, yon bombadman ki te fèt nan sant vil la te kite gwo dega, te gen otèl ak yon bilding apatman ki te frape dapre sa , jounalis AFP yo te remake. Yo te wè kadav yon moun ki te mouri ak plizyè blese, ansanm ak de machin ki te pran dife.

XS
SM
MD
LG