Accessibility links

Breaking News

Diplomasi Ris: L'Oksidan "Echwe" Nan Tantativ Pou Bòykote Patisipasyon Larisi nan Reyinyon G20 an


Menlu Rusia Sergei Lavrov tiba di Pertemuan Menlu G20 di Nusa Dua, Bali, 8 Juli 2022. (Foto: Stefani Reynolds via Reuters)
Menlu Rusia Sergei Lavrov tiba di Pertemuan Menlu G20 di Nusa Dua, Bali, 8 Juli 2022. (Foto: Stefani Reynolds via Reuters)

Diplomasi Ris pibliye Vandredi yon deklarasyon ke peyi oksidantal yo te "echwe" nan tantativ yo tap fè pou yo eskli Larisi nan reyinyon G20 an ki gen pou fèt nan peyi Endonezi.

Pòtpawòl Ministè Afè Etranjè Ris la, Maria Zakharova, te di sou Telegram "Plan peyi G7 yo pou bòykote patisipasyon Larisi nan reyinyon G20 an echwe, pèson pa sipòte rejim oksidantal la nan desisyon sa a".

Madam Zakharova te demanti tou pawol ki di kom kwa chèf diplomasi Ris la Sergei Lavrov patap patisipe nan reyinyon G20 kap fèt nan Bali. Li menm deklare ke plizyè nan minis Moskou te voye pou patisipe nan reyinyon sa a te kite plizyè sesyon apre patisipan yo te komanse kritike entèvansyon militè Moskou nan Ikrèn.

XS
SM
MD
LG