Accessibility links

Breaking News

Palman Ewopeyen an Ofri Ikrèn Estati Kandida pou l Vin Manm Gwoup la


putin zelensky
putin zelensky

Briksèl - Palman ewopeyen an vote ak yon gwo majorite jedi pou l bay Ikrèn estati kandida pou l vin manm gwoup la, sa ki mete peyi a pi pre alye oksidantal yo k ap fè l jwenn yon gwo kantite zam pou ede l konbat envazyon Larisi a ki te kòmanse sa gen 4 mwa. Vot la se 529 pou, 45 kont, epi 14 abstansyon. Nan menm okazyon an, Inyon Ewopeyen an apwouve demand kandidati peyi Jòji ak Moldavi.

Vòt la dewoule nan moman Lèzetazini deklare li pral voye bay Ikrèn yon lòt pakè èd militè ki vo 450 milyon dola, k ap gen ladan l plis sistèm rocket mwayèn pòte; Washington ap ajoute èd sa a sou yon asistans yon milya dola li te anonse sa gen yon semèn.

Prezidan palman ikrenyen an, Ruslan Stefanchuk, remèsye palmantè ewopeyen yo pou sipò yo nan yon mesaj sou Facebook kote li deklare:

“Ikrèn se yon peyi nan Inyon Ewopeyen an. E n ap goumen pou dwa sa a non sèlman sou chandbatay yo, men tou sou teren legal la.”

Pou 3 peyi yo antre ofisyèlman nan blòk ewopeyen an ki gen 27 eta-manm, yo pral gen obligasyon pou yo reyalize yon seri de refòm politik ak ekonomik.

Prezidan Komisyon Ewopeyen an, Ursula von der Leyen, fè konnen Ikrèn “deja mete an aplikasyon anviwon 70% règleman, nòm ak prensip Inyon an.” Sepandan, li ajoute 3 peyi yo gen anpil bagay pou yo fè toujou nan domèn “eta de dwa, oligak, koripsyon ak dwa fondamantal sitwayen yo.”

XS
SM
MD
LG