Accessibility links

Breaking News

Jòjy Di 'Li Pare Pou l Travay ak Detèminasyon' Pou l Jwenn Estati Kandida Nan Inyon Ewopeyen an

Georgia NATO
Georgia NATO

Prezidan jòjyen an Salome Zourabichvili di nan Jedi ke peyi l detèmine pou pran etap ki nesesè yo pou yo ka jwenn yon estati kandida pou vin manm nan Inyon Ewopeyen an. Apre lidè Ewopeyen yo pa t akòde l , lidè yo te mande pou plis refòm.

Salome Zurabishvili te di sou Twitter, "Nou pare pou nou travay ak detèminasyon pandan plizyè mwa kap vini yo pou n kapab jwenn estati kandida," apre lidè Inyon Ewopeyen yo te rekonèt "pèspektiv" peyi li pou yon jou yo rantre nan Inyon Ewopeyen an.

This item is part of
XS
SM
MD
LG