Accessibility links

Breaking News

Nijerya: Lapolis Sove 35 Tifi Anba Men Malfra Trafikan Ki Tap Eksplwate Yo Kòm Esklav Seksyèl


NIGERIA Abuja Police Abuja, Nigeria
NIGERIA Abuja Police Abuja, Nigeria

Polis lokal yo te deklare ke otorite yo te ede 35 tifi adolesan jwenn libète yo nan yon otèl ki nan sid peyi a, kote yon gwoup trafikan te fòse yo antre nan pwostitisyon e fòse yo tou bay nesans ak plizyè timoun, pou yo al vann.

Pòtpawòl polis lokal Tochukwu Ikenga nan yon deklarasyon ki te pibliye Mèkredi a deklare ke Adolesan yo te nan laj 14 a 17 yo te libere yo nan otel Gally Gally nan eta Anambra, kote yo te "itilize medam yo kòm esklav sèks pou pwostitisyon epi eksplate yo pou fè ti bebe"pou yo.

4 nan adolesan yo te ansent, li te di, e li te ajoute ke lapolis te jwenn zam ak lajan kach nan otèl la.

Lapolis te di ke yo arete 3 mesye nan espas la, e pwopriyetè otèl la kouri chape pou li.

Trafik moun, ki gen ladann pwostitisyon fòse ak vant timoun, se 3èm krim ki pi souvan fèt nan Nijerya, apre se koripsyon ak trafik dwòg, dapre yon rapò Nasyonzini.

XS
SM
MD
LG