Accessibility links

Breaking News

Nijerya: Gwoup k-ap Defann Dwa Medam yo Mande pou gen Plis fanm nan Palman an


Photo Achiv
Photo Achiv

Nan kapital Nijerya a, mèkredi, gwoup k-ap defann dwa medam yo proteste pou mande pou gen plis fann ki reprezante yo nan palman peyi a. Madi a, palmantè yo te apwouve yon pwojè lwa ki ta rezève 20 pousan syèj pou medam yo, men manifestan yo di yon senkyèm pa ase.

Apeprè 200 fanm te barikade antre Asanble Nasyonal Nigeria a, yo te gen postè ak banyè nan men yo epi yo tap chante. Manifestan yo, pami yo fanm k-ap vann nan mache, fonksyonè leta ak divès profesyonèl, te anpeche palmantè yo antre nan biwo yo mekredi 2 Mas la.

Yo di yo pa satisfè ak vot ki te fèt madi a pou rezève 20 pousan sièj nan palman an pou medam yo nan nivo eta ak nan nivo nasyonal, preske 3 fwa pousantaj yo gen kounye a ki se 7$. Yo vle pou palman an rezève 35 pousan sièj pou medam yo.

Cynthia Mbamalu youn nan oganizatè manifestasyon mekredi a di: Nou bezwen nouvo lide, nouvo sèvo ak divès pwendvi. Si medam yo nan gouvenman an, se je ni gason ni fi ki pral evalye politik yo ak lwa yo e nap pale de kesyon ki afekte fi, timoun ak jèn moun yo e divès moun ap bay divès lide. Nou paka espere developman oubyen chanjman si se menm kalite moun yo ki pran desizyon yo.

Medam yo k-ap pwoteste nan Nijerya a di peyi afriken tankou Senegal. Rwanda, Afrik du Sud Tanzani ak Botswana gen plis fi ki okipe pozisyon ekonomik ak politk kle yo.

XS
SM
MD
LG