Accessibility links

Breaking News

Omwens 2 Moun Mouri Apre yon Tranpèt Twopikal Frape Kiba


Volonte pouse yon bato sou yon wout ki inonde apre gwo lapli ki tonbe sou La Havann, Kiba, 3 Jyen 2022.
Volonte pouse yon bato sou yon wout ki inonde apre gwo lapli ki tonbe sou La Havann, Kiba, 3 Jyen 2022.

Tanpèt twopikal Alex pote gwo lapli, eboulman ak aksidan nan Kiba, ki lakoz 2 moun mouri nan La Havann, dapre sa laprès lokal rapote.

Sitwayen nan La Havann te okipe ak netwayaj Samdi nan moman lavi a tap reprann eta nomal li apre pasaj move tan an.

Mayra Perez moun La Havann te chita sou twotwa a.

"Moun ki pat pran dlo pa anba pran dlo pa anwo. tout moun pran dlo. Kay nan premye etaj la te inonde ak dlo ki tap soti nan tiyo yo," li deklare.

Idalberto Labrada kontan move tan an al fe wout li.

"Jodia nou gen bon chans pou tanperati a pral monte donk sa ba nou espwa," misye di.

Sepandan nan vil Pinar del Rio nan no peyi a, ki se rejyon kote yon pwodwi tabak, yo pèdi pi fo fèy tabak yo tap seche yo nan lapli ak inodasyon.

Kiltivatè yo te jwenn mwayen sèlman pou yo sove yon ti fraksyon rekolt yo.

Sant Nasyonal Meteyowoloji Etazini an nan Miami di tanpet twopikal Alex pran direksyon Bermid kounyea kote yo atann yo aske li frape jodi Lendi a.

XS
SM
MD
LG