Accessibility links

Breaking News

Fòmasyon Premye Tanpèt pou Sezon Atlantik la Ki Ka Pote yon Non


Imaj satelit NOAA montre ouragan Agatha tou pre kot Pasifik eta Oaxaca nan peyi Meksik, 30 Me, 2022.
Imaj satelit NOAA montre ouragan Agatha tou pre kot Pasifik eta Oaxaca nan peyi Meksik, 30 Me, 2022.

Sant Nasyonal Siklòn Ameriken an prevwa yon sistèm tanpèt ki nan Gòlf Meksik la –swa restan sa ki reprezante Siklòn Aghata ki te fòme sou Oseyan Pasifik la- pral tounen premye tanpèt ki gen yon non pou sezon Atlantik la pandan l ap deplase nan direksyon lès. Espesyalis yo lanse avètisman anti-siklòn pou pi fò rejyon santral ak sid Eta Florid, pati nò Kiba ak pati nòdès Bahamas.

Dapre dènye rapò sant nasyonal la, nan matine jounen vandredi a sistèm nan te twouve l sou yon distans 200 kilomèt ak vil Cozumel, o Meksik, epi 675 kilomèt osidwès vil Fort Meyers, Eta Florid. L ap deplase ak van meksimòm k ap soufle ak yon vitès 65 kilomèt a-lè, sa ki vle di li se yon tanpèt twopikal ki gen fòs minimòm nan. Si li tounen yon tanpèt twopikal ofisyèlman, kòm sant la prevwa sa a, yo pral rele li Alex.

Espesyalis yo prevwa tou li pral pran fòs nan sware jounen vandredi a pandan l ap poche kòt Florid. Dapre memm previzyon yo, sistèm nan pral deplase nan pati sidès Gòlf Meksik la pandan sware a; ansuit, samdi li pral dirije li sou pati sid ak santral Prèskil Florid la; epi, sò ti samdi rive dimanch, l ap pran direksyon rejyon nò-dwès peyi Bahamas.

XS
SM
MD
LG