Accessibility links

Breaking News

Mayorkas Vizite Fwontyè Etazini ak Meksik


Nan kad yon vizit ke Sekretè Sekirite Nasyonal Ameriken an, Alejandro Mayorkas, ap fè sou fwontyè Etazini genyen ak Meksik la, li te rankontre madi 17 me ak ajan patwouy ki sou fwontyè a.

Pandan vizit sa a, Mayorkas gen pou li vizite tou yon koridò ke plizyè imigran itilize pou antre sou teritwa Ameriken an san papye.

Vizit sa fèt pandan ke rete selman yon yon semèn anvan ke administrasyon Biden nan mete fen nan restriksyon Tit 42 a ke administrasyon Trump lan te etabli akòz pandemi COVID-19 la, ki tap fè ravaj nan peyi a.

Tit 42 a te vin anpeche imigran yo mande azil Ozetazini.

Li gen tou pou li rankontre ak anplwaye depatman sekirite nasyonal yo nan eta Texas, epi li gen pou li bay yon kont randi sou fason yo pral prepare repons yo apre leve restriksyon Tit 42 a.

XS
SM
MD
LG