Accessibility links

Breaking News

Moskou Ap Prepare Parad 9 Me a


Prezidan Ris la Vladimir Putin pwononse yon diskou pandan yon konse pou make 8em anivese referandom sou eta Krime ak Sevastopol ak reyinifikasyon yo ak La Risi, nan Moskou, Vandredi 18 Mas, 2022.
Prezidan Ris la Vladimir Putin pwononse yon diskou pandan yon konse pou make 8em anivese referandom sou eta Krime ak Sevastopol ak reyinifikasyon yo ak La Risi, nan Moskou, Vandredi 18 Mas, 2022.

Dènye Repetisyon pou parad militè tradisyonèl 9 me a nan Moskou te fèt ayè samdi a, yon parad ki dewoule chak ane pou selebre viktwa Larisi sou Almay Nazi a an 1945. Nan okazyon sa a , ris yo pral demontre bann ak pakèt zam yo genyen nan asnal yo.

Prezidan Ris la, Vladimir Putin, pral gen yon lòt opòtinite pou li pale ak mond la, apre Larisi te fè menas zam nikleyè mwa avril pase a.

Dapre Ministè Defans la, yon avyon Ris ki rele " Apokalips", ki fèt espesyalman pou pèmèt prezidan an dirije peyi a anlè a sizoka ta gen yon gè nikleyè, pral vole jou parad la sou Plas Wouj la.

Plizyè ekipman tankou cha de gè, sistèm balistik entèkontinantal Iars RS-24 ak sistèm Iskander ki gen kapasite pou tire misil nikleyè, pral defile jou 9 me a nan parad la.

XS
SM
MD
LG