Accessibility links

Breaking News

Premyè Dam Etazini an, Jill Biden, Ap Rankontre ak Refijye Ikrenyen yo Pandan yon Vizit nan Ewòp de Lès


UKRAINE-CRISIS/JILL BIDEN
UKRAINE-CRISIS/JILL BIDEN

Woumani - Depi plizyè semèn, Premyè Dam Etazini an, Jill Biden, ap suiv avèk atansyon nouvèl k ap sòti nan Ikrèn, bonbadman yo ak imaj ki montre “manman ak papa pitit k ap kriye devan kadav pitit yo ki enstale nan lari”, tankou li te di sa nan yon diskou sa pa gan lontan.

Kounyela a Madam Biden ap itilize 2èm vwayaj li aletranje pou l al gade de prè kriz refijye ikrenyen yo gras ak yon vizit nan Woumani ak Repiblik Slovaki, kote li pral pase yon pati nan Jounen Fèt dè Mè a avèk fanmi ki deplase nan yon ti vilaj slovak ki tou pre fwontyè ak Ikrèn nan.

Apre yon vòl ki te sòti Washington e ki te dewoule tout nuit la, Premyè Dam nan te rive atan nan Baz Ayeryèn Mihail Kogalniceau, nan Woumani, tou prè Lanmè Nwa a, pou l te patisipe nan distribisyon dine pou sòlda ameriken ki estasyone nan baz la. Kèk nan plizye milye sòlda ameriken Prezidan Joe Biden te voye ann Ewòp de Lès anvan kòmansman lagè a, gen pòs yo nan baz la, ki sou yon distans 100 kilomèt ak fwontyè Woumani pataje ak Ikrèn.

Jill Biden di jounalis ki t ap vwayaje avèk li jedi swa: “Se yon bagay ki tèlman enpòtan pou Prezidan an e pou mwen menm, le fèt ke pèp ikrenyen an konnen nou kanpe avèk yo. Mwen vle refijye yo konnen ke fòs kouraj yo, rezistans yo devan kalamite, enspire m.”

XS
SM
MD
LG