Accessibility links

Breaking News

Otorite Ameriken yo Demanti Nouvèl Ki Fè Kwè Ajans Ransèyman Etazini Te Ede Ikrèn Atake Bato Ris Ki Te nan Lanmè Nwa a


RUSSIA-UKRAINE-NAVY-DEFENCE-russie
RUSSIA-UKRAINE-NAVY-DEFENCE-russie

Yon ofisyèl ameriken wo plase ki pale ak AFP a kondisyon pou non l pa site, demanti nouvel ki di Sèvis Ransèyman Ameriken an te ede Ikrèn idantifye Moskva a, bato Ris la ki te nan Lanmè Nwa a e ki te koule 14 avril pase a.

Ofisyèl ameriken an di: "Nou pa bay okenn enfòmasyon espesifik sou bato a ke Ikrenyen yo te atake. Nou bay yon seri nouvèl sekrè pou ede Ikrenyen yo pi byen konprann menas bato ris yo poze nan Lanmè Nwa a epi nou ede yo prepare yo pou defann tet yo kont yon posib atak ki ka soti nan lanmè a."

Chèn televizyon ameriken NBC fè konnen di Jedi ke enfòmasyon Etazini te bay Ikrèn te ede lame peyi sa a koule bato ris la.

XS
SM
MD
LG