Accessibility links

Breaking News

Zelenskyy Mande yon Seselfe Pi Long nan Marioupol pandan Larisi Pwomèt yon Poz nan Lajounen


Prezidan Ikrenyen Volodymyr Zelenskyy, Mekredi 20 Avril 2022.
Prezidan Ikrenyen Volodymyr Zelenskyy, Mekredi 20 Avril 2022.

Larisi te pran angajman pou l obsève yon seselfe jedi nan vil Marioupol, nan Ikrèn, kote fòs militè ris yo kontwole tout kote, eksepte yon izin asye kote sòlda ikrenyen yo retranche yo ansanm avèk kèk sivil ke Nasyon Zini ap eseye evakye. Larisi fè konnen seselfe a, ki aplikab pandan lajounen, pral dire jiska vandredi ak samdi pou pèmèt plis moun sòti nan izin Azovstal la.

Prezidan ikrenyen an, Volodymyr Zelenskyy, pran lapawòl byen bonè jedi pou l di yon seselfe nesesè pou deplase lòt sivil ki rete nan Marioupl yo. Li deklare:

“Sa pral pran tan pou yo wete moun yo nan sousòl izin nan ak nan abri ki anba batiman an. Nan kondisyon aktyèl yo, nou pa kapab itilize ekipman lou pou n wete debri yo. Se a la men pou sa fèt.”

Nasyonzini te fè konnen mèkredi plis pase 300 sivil li te ekvakye nan Marioupol, Manhush, Berdiansk, Tokmak ak Vasylivka, ap resevwa asistans imanitè nan vil Zaporizhzhia.

XS
SM
MD
LG