Accessibility links

Breaking News

LaRisi Pwomèt pou Obsève yon Kanpe nan Batay yo Jodi Jedi a nan Mariupol


Ukraine Russia
Ukraine Russia

LaRisi pwomèt pou obsève yon kanpe nan batay yo jodi jedi a nan vil Mariupol nan Ikrèn, kote fòs li yo kontwole tout bagay eksepte yon izin asye konplike kote twoup militè Ikrèn rete bloke ansanm ak sivil ke Nasyon Zini ap chache evakye.

LaRisi fè konnen sese-l-fe pou lajounen an ap kontinye ankò demen vandredi a e ankò samdi pou fasilite plis evakyasyon moun ki bloke nan izin Azovstal la.

Nan Washington, pòtpawòl Depatman Deta Ned Price fè konnen li doute ke LaRisi ap kenbe sese-lfe a.

Nasyon Zini fè konnen mèkredi plis pase 300 sivil ke li te ede evakye nan Mariupol, Manhush, Berdiansk, Tokmak ak Vasylivka t ap resevwa asistans imanitè nan Zaporizhzhia.

XS
SM
MD
LG