Accessibility links

Breaking News

Gwo Batay Pete nan izin Asye Azovstal Malgre Larisi Te Pwomèt Yon Seselfe


Ukraine Russia
Ukraine Russia

Gwo batay pete nan izin asye Azovstal nan vil Mariupol nan Ikrèn, jedi, malgre yon pwomès LaRisi pou yon kanpe nan batay yo nan lajounen pou pèmèt plis pase 200 sivil ki bloke kite enstalasyon an san danje.

Fòs ris yo kontwole tout bagay eksepte izin nan nan vil la ki sou kot nò Lanmè Azov, ke LaRisi te vize plizyè fwa nan ofansiv li a ki la depi 10 semèn. Apepre 100 sivil kite enstalasyon an nan jou ki pase yo.

Prezidan ris Vladimir Putin te asire Premye-minis Israel Naftali Bennett nan telefòn ke fòs Moskou yo ta pare pou pèmèt pasaj san danje pou moun ki bloke nan izin asye a, lè yo ta kanpe sou batay yo kèk fwa nan lajounen jiska Samdi.

XS
SM
MD
LG