Accessibility links

Breaking News

Plizyè Gwoup Kap Defann Dwa Migran yo Pral Manifeste Devan Kou Siprèm Etazini Madi


FILE - The US Supreme Court is seen in Washington, DC, on Feb. 8, 2022.
FILE - The US Supreme Court is seen in Washington, DC, on Feb. 8, 2022.

Yon konbit gwoup kap defann dwa migran kap eseye antre Ozetazini fè konnen yo pral manifeste devan Kou Siprèm nan Washington Madi pou montre apwi yo pou pozisyon administrasyon Biden nan nan yon ka ki rele "Biden vs Texas".

Eta Texas ak Missouri asiyen administrasyon biden nan nan tribinal federal paske yo di desizyon li te pran pou'l kite tonbe lwa "Rete Meksik la (MPP - Migrant Protection Protocols)" te ilegal.

Prezidan Joe Biden te mete fen nan politik sa a premye jou li sou pouvwa a.

Tribinal federal la te deside an favè gouvènman an ak kou d'apèl la.

Sepandan nan mwad Desanm 2021, yon jij te fose gouvènman an pou'l re-mete lwa a an plas. Gen sèlman 3,000 migran konsa ki te enskri nan pwogram nan apati fen mwad Mas la - li pat gen gwo konsekans sou gwo vag migran ki kontinye ap rive sou frontyè Etazini pataje ak Meksik la.

Yon migran nan yon abri nan Tijuana, Meksik di jounalis Associated Press li poko janm tande pale de politik MPP a.

Se Prezidan Donald Trump ki te adopte politik sa a an 2019 pou dekouraje migran yo chache antre Ozetazini.

Kritik kont politik yo pa chanje ant 2 administrasyon Ameriken yo. Migran yo pè pou yo rete nan vil Meksikèn ki sou frontyè a paske yo di li two danjre epi li difisil pou yo jwenn avoka pou reprezante yo.


Sekretè Sekirite Nasyonal la, Alejandro Mayorkas te pase lod nan mwad Oktob la pou mete fen nan politik "Rete Meksik la" e li te admèt ke politik sa a te koze yon bès nan deman azil ki fèb yo anba administrasyon Trump la men ke sa pa jistifye domaj yo pa rapo ak migran yo.

Kounyea, Kou Siprèm nan pare pou tande agiman legal an koneksyon ak ka sa a.

Pami gwoup ki anvizaje pran lari Washington Madi gen Haitian Bridge Alliance, RAICES, American Immigration Lawyers Association, epi Welcome with Dignity.

XS
SM
MD
LG