Accessibility links

Breaking News

Anvwaye Espesyal Ameriken: Nou Gen Gwo Mwayen Pou n Fè Kore di Nò Gade Distans li


South Korea's Special Representative for Korean Peninsula Peace and Security Affairs Noh Kyu-duk meets U.S. Special Representative for North Korea, Sung Kim in Seoul
South Korea's Special Representative for Korean Peninsula Peace and Security Affairs Noh Kyu-duk meets U.S. Special Representative for North Korea, Sung Kim in Seoul

SEWOUL — “Lèzetazini ak Kore di Sid an mezi pou yo devlope pi gwo mwayen posib pou yo fè Kore di Nò rete nan wòl li, nan moman peyi sa a pa sispann poze aksyon aprè aksyon pou l montre fòs lasnal zam li.” Se deklarasyon Reprezantan Espesyal Etazini pou Kore di Nò, Sung Kim, fè lendi nan moman obsèvatè yo panse Pyongyang pare pou l rekòmanse tès nikleyè li yo.

Diplomat Kim pale konsa apre li menm avèk Vis Reprezantan Jung Pak te rankontre ak otorite Kore di Sid yo –pami yo te gen responsab dosye nikleyè a, Noh Kyu-duk. Kim ak Pak te rive Sewoul byen bonè lendi pou yon vizit 5 jou nan Kore di Sid. Apre rankont Reprezantan Espesyal la avèk Noh, li deklare:

“Li ekstrèmman enpòtan pou Konsèy Sekirite Nasyon Zini an voye yon siyal klè bay Kore di Nò pou di li nou pa p aksepte seri tès san fen l ap plede fè yo kòm yon bagay nòmal. Nou dakò sou nesesite pou n mete ansanm pou n kenbe pi gwo mwayen posib la sou Preskil Kore a pou n fè Kore di Nò gade distans li.”

Kim ajoute: “Alye nou yo dispoze reyaji yon fason responsab e dyanm ak nenpòt ki pwovokasyon”, tandiske li ensiste sou volonti li “pou l pran kontak ak Kore di Nò nenpòt kote e san kondisyon.”

XS
SM
MD
LG