Accessibility links

Breaking News

Pfizer-BioNTech di Yon Vaksen an Plis Kont KOVID-19 Pwoteje Timoun ant 5 e 11 Zan


McKenzie Farias, 8 an, kenbe men papa li, Michael, pandan lap pran piku pou timoun Pfizer a kont COVID-19, nan Cranston, eta Rhode Island, 4 Nov. 2021.
McKenzie Farias, 8 an, kenbe men papa li, Michael, pandan lap pran piku pou timoun Pfizer a kont COVID-19, nan Cranston, eta Rhode Island, 4 Nov. 2021.

Konpayi pwodui famasetik Pfizer ak patnè alman li nan fabrikasyon vaksen kont KOVID-19, BioNTech, anonse jedi tès yo te fè sa pa gen lontan montre yon doz adisyonèl vaksen yo a afikas pou pwoteje timoun 5 a 11 zan ki an bòn sante kont varyan omikwonn kowonaviris la.

Nan yon nòt pou laprès, 2 konpayi yo di faz 3 esè yo a te analize done yo te pran sou 140 timoun ant 5 e 11 zan ki te resevwa doz adisyonèl la 6 mwa anviwon apre yo te pran 2 premye doz vaksen Pfizer-BioNTeck la kont KOVID-19.

Dare konpayi yo toujou, plis pase 10 mil timoun ki poko gen 12 zan te patisipe nan egzamen klinik kote yo t ap teste vaksen an e rezilta yo pa bay okenn rezon pou yo enkyete. Konpayi yo pa pibliye rezilta etid yo e espesyalis endepandan poko revize yo.

Kèk nan enmasyon ki sèvi pou repòtaj sa a sòti nan Associated Press ak Reuters.

XS
SM
MD
LG