Accessibility links

Breaking News

Fotograf Renome Franse Patrick Demarchelier Mouri a laj 78 an


Fotograf Patrick Demarchelier kanpe devan yon foto li te fe pou Madonna nan Petit Palais a nan vil Paris, 26 Septanm, 2008.
Fotograf Patrick Demarchelier kanpe devan yon foto li te fe pou Madonna nan Petit Palais a nan vil Paris, 26 Septanm, 2008.

Patrick Demarchelier, yon fotograf Franse ki ranpòte renome pou foto li te fè pou Prensès Diana, manken pi popilè yo ak vedèt yo mouri. Li te gen 78 an. Se kont ofisyèl Instagram li ki anonse nouvèl lanmò li men li pa ofri okenn lòt detay. Associated Press eseye san siksè pou'l kontake fanmi misye.

Demarchelier te gen yon karyè kòm fotograf konpayi liks yo tankou Chanel, Louis Vuitton ak Dior. Li te travay tou pou magazin mòd Vogue, Harper's Bazaar, Elle ak lòt magazin la mòd ankò.

Li te komanse fè foto Prensès Diana an 1989 e li te kontinye travay kòm fotograf pèsonèl li jis nan komansman ane 90 yo.

An 2018, repitasyon Demarchelier a te sibi gwo domaj apre jounal Boston Globe te rapòte akizasyon kòm kwa li te fè 50 mannken avans seksyèl. Misye te demanti akizasyon sa a.

XS
SM
MD
LG