Accessibility links

Breaking News

Pentagòn nan akize lendi fòs ris yo kòmkwa yo komèt krim lagè nan Ikrèn.


Kirby Pentagon
Kirby Pentagon

"Se sèten nou wè bon jan prèv ke fòs ris yo ap komèt krim lagè, e n ap ede kolekte prèv pou sa," se sa sekretè laprès Pentagòn John Kirby di jounalis yo kòm repons pou yon kesyon LaVwadlamerik.

Kirby akize fòs ris yo tou kòmkwa yo lanse "atak san gade sou sivil," e yo fè espre nan kèk ka.

Li di Etazini ap tann ankèt yo k ap kontinye e ke li kontribye nan ankèt sa yo sou krim lagè ris nan Ikrèn.

Nan Moskou, Ministè Afè Etranjè LaRisi a fè konnen lendi li entèpele anbasadè Etazini John Sullivan, e li pale de "deklarasyon inakseptab" ke Prezidan Etazini Joe Biden fè sou Prezidan ris Vladimir Putin, sanble se akoz pawòl Biden ki te kalifye lidè ris la kòm yon "kriminèl lagè" semèn pase a.

"Se prezidan ameriken an ki fè deklarasyon konsa, ki pa diy yon òm deta wo-plase, e sa mete relasyon ant LaRisi ak Etazini nan pwen pou yo kraze," se pawòl Ministè Afè Etranjè ris la.

XS
SM
MD
LG