Accessibility links

Breaking News

Jwe Tenis Taylor Fritz Bay Rafael Nadal Premye Defet li pou Ane 2022 a


Taylor Fritz a goch, ak Rafael Nadal, moun peyi Espay, kenbe twofe premye ak dezyem plas yo apre Fritz kale Nadal nan final maskilen Open BNP Paribas la Dimanch, 20 Mas 2022.
Taylor Fritz a goch, ak Rafael Nadal, moun peyi Espay, kenbe twofe premye ak dezyem plas yo apre Fritz kale Nadal nan final maskilen Open BNP Paribas la Dimanch, 20 Mas 2022.

Taylor Fritz bay Rafel Nadal yon gwo sezisman le l kale misye dimanch 20 mas la sou yon skò 6-3, 7-6 (7/5) pou l ranpòte Masters Indian Wells la epi mete fen nan pèfòmans 10 sou10 Nadal te reyalize jiska la avèk 20 vikwa a 0 nan champyona Gran Chelèm yo.

Avèk viktwa sa a Fritz –ki klase No. 20 mondyal- ranpòte 2èm gwo tit li nan karyè li e se premye fwa li pase men pran Masters Indian Wells, kote li anpeche Nadal egalize yon rekò 37 viktwa nan chanpyona Masters yo.

Se pi gwo triyonf Taylor Fritz, yon jenn ameriken 24 tran ki te pran nesans nan pati sid Eta Kalifoni, malgre li te blese nan jwenti pye dwat li ki te fè l mal anpil nan moman egzamen dimanch maten; li te menm panse li pa t ap ka jwe. Ak dlo nan je, li te deklare:

“Chanpyona sa a se youn nan rèv mwen depi m piti. M te toujou reve ranpòte tounwa sa a egzatteman, Indian Wells la. Sa se youn nan rèv danfans mwen ki tounen reyalite.”

XS
SM
MD
LG