Accessibility links

Breaking News

Premye Kontak ant Washington ak Moskou Depi Envazyon Larisi nan Ikrèn Kòmanse


Biden
Biden

Jake Sullivan, Konseye Lamezonblanch sou Kestyon Sekirite Nasyonal, te pale ak Sekretè Konsèy Sekirite Ris la, Nikolai Patrushev, Mèkredi. Se te premye echanj fòmèl wo nivo ant Etazini ak Larisi depi lè Larisi envayi Ikrèn.

Nan yon deklarasyon Mezon Blanch fè "Mesye Sullivan te di Jeneral Patrushev ke si Larisi seryezman vle ale nan wout diplomasi, Moskou dwe sispann atake vil Ikrenyen yo."

Konseye prezidan Ameriken an tou "repete opozisyon fèm Etazini sou envazyon Larisi kay vwazen li Ikrèn".

Li te kontinye pou di ke prezidan Ameriken an pwomèt pou "kontinye fè Larisi peye pri lagè a nan Ikrèn kote yo atake entegrite teritoryal Ikrèn".

"Mesye Sullivan te avèti Jeneral Patrushev tou sou konsekans ak enplikasyon yon posib desizyon si Ris yo itilize zam chimik oswa byolojik nan Ikrèn".

Depi lè lagè a tanmen, Etazini ak Larisi pat gen okenn kontak ofisyèl. Etazini te kite lòt peyi, tankou Lafrans, Almay, Latiki oswa Izrayèl, eseye angaje yo nan medyasyon ak Moskou.

XS
SM
MD
LG