Accessibility links

Breaking News

Prezidan Etazini Joe Biden pral Vwayaje Brussel


FILE PHOTO: U.S. President Biden celebrates Women's History Month at the White House
FILE PHOTO: U.S. President Biden celebrates Women's History Month at the White House

Prezidan EtazIni Joe Biden pral vwayaje Brussel nan peyi Beljik nan semèn k-ap vini an kote li pral patisipe nan yon somè ekstwòdinè l”Otan ki fikse pou 24 Mas, yon mwa apre Larusi fin anvayi Ukrèn ki nan vwazinaj li.

Pòtpawòl Mezon blanch Jen Psaki anonse pwojè vwayaj Biden nan kèk èd tan apre sekretè jeneral l’Otan Jen Stoltenberg te mande rankont la nan yon mesaj sou twiter kote li te di manm alyans la yo pral abòde envazyon Larisi nan Ikrèn nan , sipò solid nou pou Ukren e kesyon pou ranfòse plis toujou sistèm defans l’Otan an ak mwayen pou dekouraje agresyon kont peyi yo ki nan alyans la.

Biden di jounalis yo madi 15 mas la : agresyon Putin kont Ikrèn nan uni moun atravè tout Etazuni.

Administrasyon an gen pou-l anonse plis èd jodi mekredi a apre prezidan Ikrèn Volodymyr Zelensky fin fè diskou devan Kongrè Etazuni an .

Biden di: Li di difisil anpil pou fè pwovizyon antre nan Ikrèn pandan atak Larisi a ap kontinye.

Malgre bonbadman ap kontinye, fòs atè Larussi yo fè pwogrè limite oubyen yo pa fè pwogrè ditou nan reyalize objektif yo nan Ikrèn daprè sa yon gwo otorite defans Etazuni di madi 15 mas la nan yon evaluasyon ke li te pataje ak Lavwadlamerik.

Otorite yo di Kièv rete anba gwo bonbadman misil ki tire lwen, pandan l-ap vize pozisyon sivil, pami yo zòn rezidansyèl yo ke l-ap frape pi plis. Men prensipal eleman yo nan fòs rus yo pa fè gwo avans sou vil la.

XS
SM
MD
LG