Accessibility links

Breaking News
Azi

Yon Tranblemanntè Pwisans 7.3 Frape Japon, Alèt Tsunami Lanse tou


Moun tann nan stasyon tren Tokyo a bone Jedi maten, 17 Mas, 2022 apre sevis yo te sispann akoz yon tranblemannte.
Moun tann nan stasyon tren Tokyo a bone Jedi maten, 17 Mas, 2022 apre sevis yo te sispann akoz yon tranblemannte.

Yon Tranblemanntè pwisan ki mezire 7.3 sou echèl Richter la frape kot no Japon bo Fukushima, e sa lakoz gen yon alèt pou yon tsunami. Met sou sa gen 2 milyon kay nan zon Tokyo ki san elektrisite.

Rejyon no Japon sa a se menm zon ki te devaste lè yon sekous pwisans 9.0 ak yon tsunami te frape l sa gen 11 zan desa. Santral nikleyè vil Fukushima te sibi gwo domaj.

Yon magazen nan Iwaki, Japon apre yon tranbleman te pwisans 7,3 frape peyi a, 16 Mas, 2022.
Yon magazen nan Iwaki, Japon apre yon tranbleman te pwisans 7,3 frape peyi a, 16 Mas, 2022.

Konpayi Elektrik Tokyo a, ki opere santral nikleyè Fukushima Daiichi a kote sistèm refwadisman yo te echwe apre dezas la nan ane 2011, deklare anplwaye yo ap tcheke pou wè si gen dega ki fèt.

Ajans Meteyowolojik Japonèz la di tranbleman an frape a 11:36 di swa, lè lokal anba lanmè. Ajans la lanse avètisman pou di yon tsunami ki mezire prèske yon mèt taka frape kèk pati prefekti Miyagi ak Fukushima.

XS
SM
MD
LG