Accessibility links

Breaking News

Lalmay Pral Achte Jiska 35 Avyon Konba F-35 nan Men Lockheed


GERMANY-USA/DEFENCE-LOCKHEED
GERMANY-USA/DEFENCE-LOCKHEED

BERLIN - Lalmay pral achte avyon konba F-35 ke konpayi amerikèn Lockheed Martin LMT.N fabrike pou ranplase aparèy Tornoda li a ki twò granmoun. Se 2 sous gouvènmantal alman ki bay nouvèl la; youn nan yo fè konnen Bèlen gen plan pou l achte jiska 35 jet stealth nan men Lockheed.

Yon sous nan depatman defans alman an te fè ajans nouvèl Reuters konnen, depi nan mwa fevriye a, Lalmay te dispoze achte avyon F-35 yo; men li potko pran yon desizyon final. Avyon Tornado a se sèl jet alman ki kapab transpòte bonm nikleyè ameriken, ki nan depo ann Almay, sizoka ta gen konfli.

Sepandan, aviyasyon militè Almay la ap itilize tip avyon sa a depi nan ane 1980 yo, epi Bèlen gen plan elimine li pwogesivman ant 2025 ak 2030. Acha F-335 la ap reprezante yon gwo kou pou Boeing BA.N, paske ansyen minis defans alman an, Annegret Kramp-Karrenbauer, te prefere achte avyon Boeing F-18 yo pou ranplase Tornado yo.

XS
SM
MD
LG