Accessibility links

Breaking News

Etazini Ranfòse Angajman li ak Alye L'OTAN Yo


US Vice President Kamala Harris holds a joint press conference following a meeting with Romanian President Klaus Iohannis, right, at Cotroceni Palace in Otopeni, Romania, March 11, 2022.
US Vice President Kamala Harris holds a joint press conference following a meeting with Romanian President Klaus Iohannis, right, at Cotroceni Palace in Otopeni, Romania, March 11, 2022.

Vis Prezidan Etazini Kamala Harris ranfòse angajman grapen fè Etazini vizavi alye l-OTAN yo (Òganizasyon Trete Atlantik Nò-a) vandredi.

"Nou pran oserye wòl-nou ak relasyon ke nou gen nan alyans-la," se konsa Harris te pale nan yon konferans pou laprès nan Bukarès. Li ajoute: "Nou pwan wòl-nou oserye e nou pare pou aji pou respekte pawòl-nou lè nou di ke yon atak sou youn se yon atak sou nou tout."

Vis-prezidan-an t-ap pale pandan li te kanpe ansanm ak Prezidan Woumani-an Klaus Iohannis apre chita-koze ant yo 2-a sou kesyon refijye k-ap soti Ikrèn pou anvayi Woumani.

Fòs alyans-nou-an te kenbe la pandan lontan e kounye-a li vin pi gran e pi solid ke jamè," se pawòl Harris sou zanmitay ki ekziste ant Etazini ak Woumani. Tou 2 peyi-yo nan l-OTAN e òganizasyon-an fè plizyè deklarasyon pou konfime solidarite ant manm-li-yo.

"Pou demontre angajman nou kòm Etazini, nan semèn ki pase-yo nou te voye yon eskadwon 1000 manm," se sa Harris di sou twoup Etazini te prepare pou anpeche envazyon yon peyi l-OTAN.

Li ajoute: "Sa kreye yon fòs 2-mil solda ameriken ki pare pou kanpe pou defann angajman-nou vizavi alyans-la ak pati ès l-OTAN an."

Otorite Etazini yo rete ak enkyetid kòmkwa Woumani fèb nan mitan aktivite LaRisi nan Lanmè Nwa-a. Harris remèsi tou Woumani, yon peyi nan rejyon Balkan-an ki gen 19 milyon abitan, poutèt li akeyi plizyè dizèn milye moun ki te kite Ikrèn nan koumansman semèn sa-a.

Harris fè chita-tande nan Bukarès ak Iohannis apre li te pase jounen jedi-a nan Polòy, ki deja akeyi yon afè yon milyon 500-mil moun Ikrèn depi envazyon-an te tanmen mwa pase-a.

XS
SM
MD
LG