Accessibility links

Breaking News

Etazini Konplimante Prezidan-Eli Kore di Sid Yoon Seok-Youl


SKOREA-POLITICS-ELECTIONS
SKOREA-POLITICS-ELECTIONS

Etazini konplimante Prezidan-eli Kore di Sid Yoon Seok-youl e li fè konnen Washington t ap tann pou laji alyans solid li ak Seoul.

Mèkredi, Kore di Sid eli prensipal kandida pati opozisyon Pati Pouvwa Popilè-a, yon ansyen komisè gouvènman, Yoon Seok-youl kòm pwochen lidè peyi a apre yon

eleksyon prezidansyèl ki te gen anpil batay e ki te divize pèp la.

Yoon, yon konsèvatè, ka pran pozisyon liy du ak Kore di Nò e ak LaChin.

"Alyans ant Etazini ak Repiblik Kore a, ekonomi nou yo ak pèp nou yo, se bagay ki solid tankou bout fè," se sa yon pòtpawòl Depatman Deta di LaVwadlamerik, e li ajoute ke Prezidan Joe Biden - n-ap site - "ap tann pou l travay ak nouvo administrasyon an pou laji pi plis toujou koperasyon sere nou an."

Yoon ka fòme yon ekip tranzisyon anvan li chita sou fòtèy boure a nan mwa Me, kote li pwal ranplase prezidan sòtan Moon Jae-in ki, dapre konstitisyon an, pa ka al dèyè yon 2èm manda 5 lane.

XS
SM
MD
LG