Accessibility links

Breaking News

Koupe Gaz Ris Mete Almay ant Moralite ak Rezon Ekonomik


Chanselye Alman Olaf Scholz nan Berlin, Almay, Samdi 26 Fevriye, 2022.
Chanselye Alman Olaf Scholz nan Berlin, Almay, Samdi 26 Fevriye, 2022.

Gouvènman Alman an rejte ak fòs lide pou li patisipe nan mete anbago sou gaz ak petwòl Larisi a.

Apre desizyon Etazini ak Grann Bretay kote yo te deside pou sispann enpòte gaz nan men la LaRisi, presyon yo ap monte sou Chanselye alman an Olaf Scholz pou li te mete menm mezi sa yo kont Larisi.

Lond mande Mèkredi pou tout peyi G7 yo pou yo swiv li.

Yon gwoup militan chanjman klimatik Alman, akademisyen, otè ak syantis pibliye yon lèt pou mande yon entèdiksyon total sou enèji Ris paske dapre yo achte gaz nan men Larisi se patisipe yo patisipe nan finansman lagè a".

Lèt la te di"Prèske yon milya ewo nou mete nan kès Putin chak jou, kontrekare sanksyon nou kont bank santral Ris la".

XS
SM
MD
LG