Accessibility links

Breaking News

Biden Entèdi Petwòl Ris, Avèti Ameriken Pri Gaz la Pral Ogmante Akoz Putin


Prezidan Joe Biden anonse lap entedi enpotasyon petwol Ris la pou sere boulon ekonomi La Risi pi plis kom reprezay pou envazyon Putin fe nan Ikren, Madi 8 Mas 2022.
Prezidan Joe Biden anonse lap entedi enpotasyon petwol Ris la pou sere boulon ekonomi La Risi pi plis kom reprezay pou envazyon Putin fe nan Ikren, Madi 8 Mas 2022.

Prezidan Joe Biden anonse Etazini pral entèdi tout enpotasyon petwòl Ris yo, pou sere boulon pi plis ekonomi La Risi kom reprezay pou envazyon li fè nan Ikrèn.

Sepandan Biden admèt sa pral afekte Ameriken tou, sitou lè y'al achte gaz nan ponp yo.

"Nap entedi tout enpotasyon petwol Ris, gaz natirel ak eneji. Savledi nou pap aksepte pou petwol Ris la rive nan po Ameriken e pep Ameriken an ap bay machin lage Putin nan yon lot gwo kou. Sa se yon mezi ki pwisan, e li gen sipo tou 2 pati yo nan Kongre a, ak nan peyi a. Ameriken apiye nou, e yo apiye pep Ikrenyen an e nou vle di kleman nou pap sivansyone lage Putin nan," prezidan an deklare.

Anons Biden nan vini nan moman Demokrat yo ak Repibliken yo te mete anpil presyon sou li pou fè sa, e sa reflete volonte li pou'l aksepte risk politik ki vini ak pri gaz la ki pral ogmante.

Kuben Ameriken Marco Rubio se yon Repibliken ki reprezante eta Florid nan Sena a.

" Le fet ke nap di ke si nou pa achte petwol nan men La Risi pral lakoz pri gaz la pral ogmante pou ameriken, se yon admisyon de-fakto ke Vladimir Putin gen pouvwa sou ekonomi a ki se yon bagay li pata dwe genyen. Donk mwen kwe solisyon an se ogmante pwodiksyon Ameriken an. Nap pwodui plis pas yon milyon barik an mwens pa jou --ke nou tap pwodui sa gen kek lane. Nou gen kapasite pou fe'l. Donk mwen kwe se yon pi bon strateji pase sipliye Arabi Saoudit pou'l pwodui plis petwol oubyen negosye ak narko-teworis Madurou ak Venezyela, ki pap ba nou ase petwol antouka. Nou pata dwe fe yon antant moun fou non plis ak Iran paske sa preske garanti yap tounen yon pwuisans nikleye," Senate Rubio deklare.

Sheila Jackson Lee se yon Demokrat ki reprezante eta Texas nan La Chanm de Reprezantan.

"Ap gen konsekans pou pep Ameriken an. Mwen kwe li enpotan pou di Kongre a rekonet sa e ke nap travay pou asire enpak la nan ponp gaz la se pa yon bagay nou pap santi. Mwen lapriye pou yo kole tet ansanm. Mwen ta renmen ede moun ki pi afekte yo -- fanmi defavorize yo. Prensipal priyorite nou se kijan pou goumen pou demokrasi, prezeve demokrasi men tou rekont pep Ameriken an gen bezwen tou," Depite Jackson Lee deklare.

Mezi sa a, ki pran Madi, vini apre plizyè apèl Prezidan Ikrenyen an, Volodymyr Zelenskyy te lanse bay Etazini ak responsab peyi Oksidantal yo pou yo koupe enpòtasyon petwòl Ris la.

Ekspotasyon eneji la Risi fe pemet peyi a gen yon paket lajan kach disponib, malgre restriksyon seve kominote entenasyonal la pran sou sekte finansye li.

Etazini ap aji poukont li, men an konsiltasyon pwoch ak alye Ewopeyen li yo, ki pi depann sou eneji Ris la.

"Nou pran desizyon sa a apre nou konsilte ak alye nou yo ak patne nou toupatou nan mond nan sitou ann Ewop - paske yon repons inifye fas ak zak agresyon Putin yo se objektif prensipal mwen. Nou vle pou tout manm LOTAN, Inyon Ewopeyen an ak alye nou yo rete inifye," Biden deklare.

"Nap pouse pou pi devan ak entediksyon sa a malgre nou konprann kek nan alye Ewopeyen nou yo ak patne nou yo pa nan yon pozisyon pou yo pote kole ak nou. Etazini pwodwi bokou plis petwol lakay li pase tout Ewop la kole ansanm.

"Vreman vre, nou se yon gwo ekspotate eneji. Donk nou kapab pran mezi sa a tandiske lot pa ka fe'l. Men nap travay de pre ak Ewop ak patne nou pou devlope yon strateji a lon term pou redwi depandans yo sou eneji Ris la tou," prezidan an ajoute.

Inyon Ewopeyen an semen sa a pral pran angajman pou'l diminye depandans li sou La Risi pou eneji pi vit posib, men travay pou konble vid sa pral kreye ap pran yon tan. Gaz natirel Ris la vo yon tye nan konsomasyon Ewop la. Etazini limenm pa enpote gaz natirel La Risi.

Malgre petwol Ris la reprezante yon ti pati selman nan petwol Etazini enpote, Biden te di anvan sa ke li pat telman vle mete entediksyon sou li paske mwens pwovizyon vle di pri gazolin yo pral ogmante pi plis Ozetazini.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press

XS
SM
MD
LG