Accessibility links

Breaking News

Ikrèn: 13 Moun Mouri nan Bonbadman yon Boulanjri


Ukraine, Hakriv, after Russian shelling on Sunday
Ukraine, Hakriv, after Russian shelling on Sunday

Omwen 13 moun pèdi lavi yo nan yon Boulanjri apre yon bonbadman ki te fèt nan Makariv, yon vil ki mennen sou wout prensipal Kyèv la. Atak la fet nan moman Larisi ak Ikren te kòmanse yon twazyèm seri negosyasyon sou evakyasyon sivil yo nan tout ti bouk lame Ris la antoure.

Sou douzyèm jou envazyon Ris la nan Ikrèn, yo bonbadman frape yon boulanjri endistriyèl nan Makariv, dapre sèvis ijans Ikrenyen yo. Apeprè 30 moun mouri sou plas, dapre sa sèvis ijans Ikrenyen yo di.

Nouvo bonbadman sa a vini nan moman lame Ris la kontinye avanse nan direksyon kapital la, Kyèv, kote otorite espere nan jou ki ap vini yo pral sibi anpil atak.

Majistra Kyèv la, Vitali Klitschko yon ansyen chanpyon boks te pwomèt nan yon videyo li mete sou Instagram "Chak kay, chak lari, chak pòs ap reziste jiska lanmò si sa nesesè,"

Sitiyasyon imanitè a ap vin pi grav chak jou, ak plizyè vil gen manje yo ki kòmanse fini, pa gen kouran e abitan dezespere pou yo kouri kite vil la.

XS
SM
MD
LG