Accessibility links

Breaking News

Facebook ak YouTube: Bloke Medya Ris Yo


The logo of Russian state-owned television channel RT is seen on a window of the company's office in Moscow, Russia, Oct. 27, 2017.
The logo of Russian state-owned television channel RT is seen on a window of the company's office in Moscow, Russia, Oct. 27, 2017.

Facebook ak YouTube a bloke medya Ris RT ak Sputnik Madi an Ewòp, FB ak YT akize 2 medya yo, yo di ke yo ap pwopaje fo enfòmasyon sou envasyon an nan Ikrèn.

Nan yon kominike YouTube deklare "Ak efè imedya nou bloke chanèl YouTube RT ak Sputnik atravè Ewòp".

Lendi Meta ki jere Facebook and Instagram te deside bloke, tout done ke RT ak Sputnik te pibliye sou platfòm yo pakse yo konsidere yo kòm vwa pouvwa Ris la.

Nick Clegg, vis prezidan Meta, sou kont Twitter li te ekri ke "Nou te resevwa demann plizyè gouvènman ak Inyon Ewopeyèn lan ki te mande pou nou pran mezi adisyonèl konsènan medya Ris yo ki sou platfòm nou yo".

XS
SM
MD
LG