Accessibility links

Breaking News

Iran ap Etidye Dokiman Preliminè yon Akò pou Resisite Antant Nikleyè 2015 la


IRAN-NUCLEAR/
IRAN-NUCLEAR/

Iran ap etidye dokiman preliminè yon akò pou resisite antant nikleyè 2015 la ke li te siyen avek grann pwisans yo nan chita tande ki te dewoule nan vil Vien an’Otrich dapre sa minis afè etranjè li a fè konnen samdi ki sot pase a.

Tout pati yo di chita-tande pou fè Etazuni retounen nan akò a apre ke Donald Trump ki te prezidan an 2018 te wetire peyi a ladann, yo di ke efò sa-a rive nan yon stad kritik, e prensipal negosyatè Iran an, Ali Bagheri retounen nan Teheran pou konsiltasyon.

Iran ap revize seriezman dokiman preliminè akò a, dapre sa minis afè etranjè Hossein Amir-Abdollahian di sou Twitter –li ajoute li te pale nan telefon avek prensipal diplomat Unyon Ewop la, Joseph Borrel.

Unyon Ewop la ap aji kom entemedyè ant negosyatè iranyen yo ak yon delegasyon Etazuni pandan Etazuni absan nan chita-tande fas-a-fas yo ant Teheran avek rès pati ki te nan akò 2015 la.

Amir- Abdollahian ajoute : "Nou tout ap eseye jwenn yon bon antant. Nou fè liy rouj nou an parèt klè pou pati nan loksidan yo. Nou pare pou nou konkli yon bon akò touswit si yo montre volonte reyèl pou sa fèt. "

XS
SM
MD
LG