Accessibility links

Breaking News

Afganistan: 24 Milyon Moun, ap Viv sou Rejim Grangou


afganistan
afganistan

Kèk ekspè imanitè avèti ke plis pase 24 milyon moun, oubyen 59 pousan popilasyon Afganistan an, ap viv sou rejim grangou e oblije pran mezi ekstrèm pou yo siviv.

8 gwo ekspè nan sityasyon ijan ki travay pou l-ONU e pou òganizasyon non-gouvènmantal (ONG) mete fen lòt jou la a nan yon misyon 5 jou nan Afganistan. Yo dekri nivo bezwen imanitè pèp la kòmkwa yo pa te janm wè sa anvan. Yo fè konnen yo choke devan pakèt soufrans imen ke yo te wè a.

Ekspè yo fè konnen anpil moun Afganistan p ap ka siviv nan kondisyon y ap viv la san sipò entènasyonal. E se sa yo manke anpil. Biwo l-ONU pou Kòdinasyon Afè Imanitè (OCHA) rapòte se sèlman 13 pousan li jwenn nan 4 milya 440 milyon dola li te mande pou ane sa a.

Pòtpawòl OCHA Jens Laerke di LaVwadlamerik gen anpil peyi pami yo Ikrèn, Yemen, ak Repiblik Demokratik Kongo ki nan yon konpetisyon k ap ogmante pou sipò peyi donatè-yo. Malgre sa, li di yo pa dwe e paka vire do bay pwoblèm pèp afgan an.

XS
SM
MD
LG