Accessibility links

Breaking News

Emmanuel Macron: Pa yon Kandida, Men Lap Mennen Kanpay pou Re-Eleksyon


FILE - French President Emmanuel Macron speaks during a joint press conference with Russian President Vladimir Putin after their talks in Moscow, Feb. 7, 2022.
FILE - French President Emmanuel Macron speaks during a joint press conference with Russian President Vladimir Putin after their talks in Moscow, Feb. 7, 2022.

Prezidan fransè a, Emmanuel Macron, poko deklare ke l ap poze kandidati li pou eleksyon prezidansyèl ki pral dewoule nan mwa d'Avril la.

Sepandan, li deja gen sou plas tout yon ekip pare pou kanpay la, pandan l ap fè diskou apre diskou sou plan li genyen pou avni Lafrans.

Dapre kritik yo, l ap itilize gratis e enjisteman yon fowòm ke kontribiyab yo peye pou l mennen kanpay pou yon 2èm tou, alòske l ap trennen pye l osi lontan ke l kapab anvan l anonse yon kandidati ke piblik la ap tann depi byen lontan deja.

Mwa pase a, Macron te di li gen volonte pou l ale dèyè yon 2èm manda, men li ta renmen tann pou sitiyasyon COVID la ameliore avan l pran yon desizyon. An tou ka, yon toune li fèk fè jwenn Lafrans sanble bay folds enpresyon chak jou ke li se yon kandida an kanpay.

Dapre lwa elektoral franse a, yon politisyen gen jiska 4 mas pou l deklare kandidati l.

XS
SM
MD
LG