Accessibility links

Breaking News

Biden Rasire Ikrèn Etazini ap Apiye l Fas ak Menas pou La Risi Lanse yon Envazyon


Foto Achiv: Prezidan Ikrenyen Volodymyr Zelenskiy (mitan) ak solda peyi a ap vizite rejyon Donetsk la nan es Ikren, Jedi 11 Fevriye 2021.
Foto Achiv: Prezidan Ikrenyen Volodymyr Zelenskiy (mitan) ak solda peyi a ap vizite rejyon Donetsk la nan es Ikren, Jedi 11 Fevriye 2021.

Prezidan Joe Biden rasire Prezidan Ikrèn nan, Volodymyr Zelenskiy Dimanch ke Washington pran angajman vizavi "souvrènte Ikrèn ak entegrite teritoryal li". Biden fè pwomès sa a nan moman Etazini kontinye di menas ki egziste pou La Risi anvayi Ikrèn ogmante e sanble yon "bon jan posibilite" nan jou kap vini yo.

Biden te pale nan telefon ak lidè Ikrèn nan depi Camp David, yon lye retrèt prezidansyèl ki sitye tou pre Washington, kote lap pase wikèn nan nan moman responsab peyi Oksidantal yo eksprime kè sote yo genyen dèske Prezidan Ris la, Vladimir Putin taka atake ansyen repiblik Sovyetik la nan jou kap vinn la yo - petèt menm Mèkredi.

Lamezonblanch pibliye yon deklarasyon kote Biden "deklare klèman [nan konvèsasyon li ak Zelenskiy] ke Etazini pral reponn san pèdi tan e yon fason desizif, ansanm ak alye li yo ak patnè li yo ak nempot lot agresyon La Risi te fè kont Ikrèn."

Sepandan, Biden ekate posibilite pou twoup Ameriken ta goumen ansanm ak Ikrenyen yo kont yon envazyon Ris. Prezidan Ameriken an sèmante pou'l enpoze sanksyon ekonomik "rapid e sevè" si sa fèt.

Lamezonblanch di Biden ak Zelenskiy "antann yo sou enpotans diplomasi ak dekourajman" pa rapo ak yon envazyon Ris, malgre jefo diplomatik Oksidantal ki fèt pa reyusi mete fen nan enpas la.

XS
SM
MD
LG