Accessibility links

Breaking News

Nathan Chen Pa Konnen Sa'l Pral Fe Apre li Ranpòte Meday Lò a


Nathan Chen, moun peyi Etazini montre meday lo li a pandan seremoni meday pou konpetisyon patinaj atistik gason yo nan Jezolenpik Ive 2022 nan Peken, peyi La Chin, 10 Fevriye 2022.
Nathan Chen, moun peyi Etazini montre meday lo li a pandan seremoni meday pou konpetisyon patinaj atistik gason yo nan Jezolenpik Ive 2022 nan Peken, peyi La Chin, 10 Fevriye 2022.

Patinè atistik Ameriken Nathan Chen ki ranpòte yon meday lò pou pefomans li nan Jezolenpik Peken yo di lap kontan tounen lekòl e li poko konnen kisa'l vle fè nan domèn spòtif la.

Jèn Ameriken Chinwa a ki gen 22 zan, te pran vakans nan sezon otòn ane 2020 an kòm etidyan nan Inivesite Yale, kote lap etidye statistik ak syans ki gen pou wè ak done.

Misye te chwazi pou'l fè yon pòz ak edikasyon li pou'l te ka konsantre sou patinaj lè pandemi kowonaviris la te kòmanse.

Chen te bay yon pèfòmans ki te prèske pafè anba tèm mizikal "Rocketman" - e sa te ede'li mete fen nan yon patisipasyon istorik nan Jezolenpik yo ke li di pat sanble tankou reyalite - jiskaske li pran meday lò a.

XS
SM
MD
LG