Accessibility links

Breaking News

Akolad pou Eileen Gu Kraze Rezo Sosyal Chinwa yo


Eileen Gu, moun peyi La Chin, salye fanatik yo apre konpetisyon Ski Atistik la nan Jezolenpik Ive 2022 yo, Madi 8 Fevriye 2022.
Eileen Gu, moun peyi La Chin, salye fanatik yo apre konpetisyon Ski Atistik la nan Jezolenpik Ive 2022 yo, Madi 8 Fevriye 2022.

Gen 2 atlet ki pran nesans Ozetazini ki reprezante La Chin nan Jezolenpik Ive yo. Reyaksyon depaman soti sou rezo sosyo Chinwa yo apre pefomans yo nan Jezolenpik Ive yo.

Eileen Gu, se yon skiyez ki ranpote meday lo a nan konpetisyon Ski Atistik la. Reyaksyon sou viktwa li te twop pou entenet La Chin.

Sina Weibo, yon rezo sosyal masiv ki sanble anpil ak Twitter, te sichaje ak akolad pou tinedje a ki gen 18 an e ki pran nesans nan San Francisco.

Reyaksyon sa a te konpletman nwit ak jou ak sa yon lot atlet ki pran nesans Ozetazini e ki reprezante La Chin, an palan de patinez atistik Zhu Yi resevwa.

Moun sou rezo sosyal yo atake patinez la sou rezo sosyo yo apre li te tonbe sou yon miray pandan konpetisyon ekip la.

XS
SM
MD
LG