Accessibility links

Breaking News

Yon Patinè Atistik Meksiken Jwenn Siksè nan Peken


Donavan Carrillo, moun peyi Meksik, reyaji apre konpetisyon pwogram kout gason yo nan Jezolenpik Ive Peken yo, 8 Fevriye 2022 nan Peken.
Donavan Carrillo, moun peyi Meksik, reyaji apre konpetisyon pwogram kout gason yo nan Jezolenpik Ive Peken yo, 8 Fevriye 2022 nan Peken.

Yo te di li ta dwe jwe foutbòl pito. Yo te di patinaj atistik se pou fi. Yo te di spò ive yo pa fe sans pou yon vil tankou Guadalajara.

Donavan Carillo, pa okipe yo, li te pousuiv yon karyè nan patinaj atistik kanmenm e jodia, li se youn pami yon ti gwoup atlèt Latino Ameriken kap patisipe nan Jezolenpik Ivè Peken yo.

Carrillo bay pi bèl pèfomans karyè li nan Peken jodia, e kounyea lap avanse nan final yo.

Se premye fwa Meksik atèn siksè sa a. Peyi a pa gen patinè Olenpik depi 30 an.

"Pou mwen gen opòtinite pou'm pami kèk atlèt Latino Ameriken ki isit nan Jezolenpik yo se yon bagay ki vreman vre motive'm e mwen pral fè tout sa'm kapab pou bay yon bon pèfòmans epi enspire timoun nan Amerik Latin yo ak nan peyi'm pou yo tante chans yo nan spo ivè yo," Carrillo deklare. "Mwen te konn pale de rèv sa a ak moun. Yo te toujou kon ri'm oubyen yo te di'm li te enposib pou yon Meksiken kalifye pou je yo."

Okenn peyi Latino Ameriken poko janm ranpòte yon meday nan Jezolenpik Ivè yo.

Nan Peken, Carrillo se youn pami 33 atlèt ki reprezante 9 peyi nan Amerik Latin nan.

XS
SM
MD
LG