Accessibility links

Breaking News

Chen, Kim Pran Meday Lò pou Etazini nan Jezolenpik Ivè Peken yo


Nathan Chen, moun Etazini, pandan konpetisyon patinaj atistik la nan Jezolenpik Ive Peken yo, Jedi 10 Fevriye, 2022.
Nathan Chen, moun Etazini, pandan konpetisyon patinaj atistik la nan Jezolenpik Ive Peken yo, Jedi 10 Fevriye, 2022.

Nathan Chen, 22 zan, bay yon pèfomans 10 sou 10 nan konpetisyon patinaj atistik maskilen an kote li patine pandan mizik popilè Elton John ki rele "Rocketman" nan tap jwe.

Misye ranpote yon meday lò pou pèfomans sa a.

Paran Chen emigre Ozetazini soti la Chin. Pèfòmans li te gen anpil siyikasyon pou li paske li te desi anpil sa gen 4 an desa pandan Jezolenpik Kore di Sid yo, kote li pat patinen byen e sa te gate tout chans li te genyen pou'l pran yon meday lò.

"Sa gen gwo siyifikasyon pou jwen. Mwen kontan a mò," Chen deklare. Misye te byen rilaks epi li te eksprime anpil emosyon pandan pèfòmans li.

Misye rete Salt Lake City nan eta Utah kounyea kote li antrene.

Chloe Kim, yon Ameriken reyaji apre pefomans li nan konpetisyon fanm halfpipe snowboard la nan Jezolenpik Ive Peken yo, 10 Fevriye 2022.
Chloe Kim, yon Ameriken reyaji apre pefomans li nan konpetisyon fanm halfpipe snowboard la nan Jezolenpik Ive Peken yo, 10 Fevriye 2022.

Chloe Kim limenm bay yon pèfomans wo-loloy nan konpetisyon halfpipe snowboard la. Se konsa li pran yon meday lò.

Li se moun rejyon sid Kalifoni e li te komanse fe snowboard depi li te timoun.

"Mwen fye tet mwen. Mwen pat gen yon bon repetisyon (anvan konpetisyon an)," Kim avwe. "Mwen te fet tout bagay byen 2 fwa selman, tandiske mwen gen abitid fe tout bagay byen 8 fwa. Se yon bagay ki ka jwe ak tet ou."

Jedi sete pi bèl jounen pou atlèt Etazini yo kote yo ogmante a 4 kantite meday lò yo pran. Etazini gen 10 meday an tou.

XS
SM
MD
LG