Accessibility links

Breaking News

Pou anpil Migran, Yon Biye Avyon pou Meksik Egal Antre Ozetazini


Yon dam kiben ak pitit fi li tann pou yon kamyonet Gad Frontye Etazini vinn chache li pou mennen yo nan eta Arizona, 6 Fevriye 2022.
Yon dam kiben ak pitit fi li tann pou yon kamyonet Gad Frontye Etazini vinn chache li pou mennen yo nan eta Arizona, 6 Fevriye 2022.

Pou nasyonalite ki pa bezwen viza, Meksik kapab yon fason pou mande azil Ozetazini.

Yo pran avyon pou y'al sou frontye Etazini epi yo ka mache travese frontye a gran lajounen epi rann tet yo bay ajan yo.

Le yo fe sa, yo chape anba restriksyon administrasyon Biden nan mete sou moun kap chache pwoteksyon imanite.

Sepandan, Meksik ap mete plis restriksyon sou touris yo kounyea e sa rann ni pi difisil pou yo rive sou frontye a.

Meksik mete fen nan vwayaj san viza ant limenm ak Venezyela mwa pase a, apre li te pran menm tip mezi yo pou moun kap soti Brezil ak Ekwate.

Peyi Amerik santral sa yo reprezante peyi kote pi fo moun ki gen espwa mande azil sou frontye Meksik pataje ak Etazini yo soti.

XS
SM
MD
LG