Accessibility links

Breaking News

Gad Kòt Ameriken Sove 10 Migran Kiben sou Lanmè


Foto sa a ke Gad Kot Ameriken pran, montre Kiben yo abo yon bato kap koule nan lanme Jedi 3 Fevriye 2022.
Foto sa a ke Gad Kot Ameriken pran, montre Kiben yo abo yon bato kap koule nan lanme Jedi 3 Fevriye 2022.

10 migran Kiben te nan yon bato ki tap koule tou pre kòt eta Florid.

Gad Kòt Etazini wè bato a Jedi apeprè 64 kilomèt ak zile Key Largo.

Kapitèn Shawn Koch fè konnen bato a pat gen vès sovtaj ni okenn ekipman sovtaj ladann e ke pasaje yo patap suviv nuit la si yo pat sove yo.

Gen 6 migran yo rapatriye nan Kiba. Yon gwoup 4 migran al Florid pou resevwa swen medikal.

Sovtaj la vini 2 semèn apre yon bato otorite Ameriken sispèk te sèvi pou fè trafik moun te chavire tou pre kòt eta Florid pandan li te nan wout pou'l al Bahamas. Gen yon sèl pasaje pami 40 ki te nan bato sa a ki soti vivan.

XS
SM
MD
LG