Accessibility links

Breaking News

Manifestasyon Anti-Migrasyon Nan Peyi Chili


Manifestasyon Anti-Migrasyon nan Peyi Chili
Manifestasyon Anti-Migrasyon nan Peyi Chili

Plizyè milye manifestan nan nò peyi Chili te manifeste kont imigrasyon e yo te mande plis sekirite nan vil yo.

Manifestasyon an te fèt nan vil Iquique, nan nò kapital peyi a Santiago.

Te gen plis pase 4,000 moun ki te patisipe nan Manifestasyon, dapre deklarasyon lapolis chilyen.

Pandan mach la, gen kèk manifestan ki te detwi tant migran Venezyelyen yo nan yon kan toupre yon plaj.

Ofisye lapolis yo te oblije pwoteje yon gwoup imigran ki chita sou plaj la, Akoz manifestan yo t ap konfwonte yo.

Nan dènye ane yo, anpil migran te rive nan vil Iquique an mas atravè fwontyè yo ak peyi Bolivi, kote plis pase dè santèn moun pase chak jou san okenn chèk imigrasyon.

Pwokirè Tarapacá (yon rejyon nan peyi Chili), Raúl Arancibia, te avèti nan yon rapò semèn sa a sou aparisyon gang kriminèl yo ki vin trè vyolan.

Dapre rapò a omisid nan rejyon an te monte pa 183%.

Trafik dwòg ogmante pa 42%, trafik migran ogmante pa 501% .

Pifò migran ki rive yo se Venezyelyen, men tou gen ladan yo migran Kolonbyen, Ayisyen, Bolivien ak Pewouvyen.

XS
SM
MD
LG