Accessibility links

Breaking News

Otorite Meksik Dechouke Migran ki Tap Viv nan yon Kan Tou Pre Frontyè Etazini


Foto Achiv: Yon kan migran yo tabli tou pre pon pyeton El Chaparral la nan Tijuana, Meksik, Jedi 1 Jiye, 2021.
Foto Achiv: Yon kan migran yo tabli tou pre pon pyeton El Chaparral la nan Tijuana, Meksik, Jedi 1 Jiye, 2021.

Apeprè 100 polisye, Gad Nasyonal ak Lame peyi Meksik dechouke 381 migran - pi fò pami yo se moun Amerik Santral ak Meksiken - ki tap viv nan yon kan yo tabli nan Tijuana depi prèske 1 ane tou pre frontyè Etazini.

Otorite yo demoli tant migran yo nan zòn frontyè El Chaparral la ak kamyon epi traktè. Pandansetan, moun ki tap viv nan kan sa a te kouri ranmase pakèt yo ak malèt yo pou yo al viv nan 3 abri lokal.

Majistra Tijuana, Montserrat Caballero Ramirez deklare fanmi yo tap viv nan yon eta "ensekirite" se pou rezon sanitè Caballero Ramirez di desizyon pou wete moun yo nan kan an te fèt .

XS
SM
MD
LG