Accessibility links

Breaking News
Azi

Putin Pran Chimen La Chin


Foto Achiv: Prezidan La Chin Xi Jinping a goch ak Prezidan La Risi Vladimir Putin, pandan yon rankont nan Moskou, 5 Jyen 2019.
Foto Achiv: Prezidan La Chin Xi Jinping a goch ak Prezidan La Risi Vladimir Putin, pandan yon rankont nan Moskou, 5 Jyen 2019.

Responsab Ameriken ak Ewopeyen yo papral Peken pou Jezolenpik yo akoz kè sote yo genyen sou sityasyon dwa moun nan, men Prezidan La Risi limenm, Vladimir Putin, ap sou plas. Putin vwayaje nan la Chin nan moman tansyon yo ogmante anpil poutèt pakèt twoup li gonfle sou frontyè peyi li pataje ak Ikrèn nan.

Putin gen pou'l fè chita pale ak tokay Chinwa li, Xi Jinping Vandredi, pou make premye rankont yo fas a fas depi ane 2019.

Putin ak Xi pral fè chita tande pandan yon dejene, yon ti tan anvan seremoni ouvèti Jezolenpik yo.

Nan yon atik ajans nouvèl Chinwaz Xinhua pibliye Jedi, Putin te sanble kritike boykotaj diplomatik Jezolenpik yo ke Etazini ak kèk nan peyi zanmi li yo deside fè.

XS
SM
MD
LG