Accessibility links

Breaking News

Sak Pral Pase 7 Fevriye 2022?


US Representative Brian Nichols, Dr Ariel Henry, Economist Frizt Jean, Ex Senator Stevens Benoit
US Representative Brian Nichols, Dr Ariel Henry, Economist Frizt Jean, Ex Senator Stevens Benoit

7 fevriye se dat konstitisyon peyi d'Ayiti di manda Prezidan Jovenel Moïse sipoze fini. Anvan nèg ame te asasine li 7 jiyè 2021, li te soti yon arete pou nomen Ariel Henry kòm Premye Minis pou ranplase Claude Joseph ki te Premye Minis pwovizwa. Ki sa ki pral pase 7 fevriye ?

Akò Montana

HAITI-POLITICS/
HAITI-POLITICS/

Manm Akò Montana chwazi dimanch 30 Janvye 2022 Fritz Alphonse Jean ak Steven Benoit kòm lidè Tranzisyon Ripti Ayiti pou vin gouvène peyi a pandan peryòd tranzisyon. Delege ki soti nan 17 sektè politik te vote pou ekonomis Fritz Alphonse Jean kòm prezidan d'Ayiti epi ansyen senatè Steven Yvenson Benoit kòm premye minis .

Ansyen senaté Patrice Dumond ki sipòte akò Montana a di ke de lidè yo dwe negosye avek Premye Minis Ariel Henry pou yo ka pran kontwòl tranzisyon an.

Akò 11 Septanm

On lòt kote Gwoup Akò 11 Septanm lan te negosye avek Dr Ariel Henry, e akò sila te rive pibliye nan jounal ofisyèl "Le Moniteur" nan dat 17 septanm 2021. Yo te mande lòt akò yo pou rejwenn yo, e sa pa janm rive fèt. Plizyè pwen nan akò a deja egzekite: yon lòt gouvènman san Claude Joseph, ranplase Leon Charles nan tèt Polis Nasyonal la, ect.

Ariel Henry

HAITI-POLITICS/
HAITI-POLITICS/

Premye Minis Ariel Henry depi lè li monte sou pouvwa a te deklare ke prezidan te bali yon manda pou li vin òganize eleksyon nan peyi a. Nan yon diskou premye minis la te bay 17 janvye 2022 li te deklare se yon prezidan eli "ke pep Ayisyen chwazi ki ap antre nan palè nasyonal".

Pozisyon Etazini

Pandan yon konferans pou laprès 21 janvye apre yon rankont ke Kanada te òganize sou Ayiti, Sekretè d'Eta Adjwen pou Zafè Emisfè Oksidantal yo, Brian Nichols deklare: "manda premye minis [Ariel Henry] pa lye ak manda prezidan an (7 Fevriye). E Anbasadè Nichols te reponn kesyon VOA Kreyòl sou kè sote Etazini ta genyen pou sa ki ka pase 7 Fevriye 2022.

Nichols te deklare " Lezetazini ak kominote entènasyonal la vle asire ke Polis Nasyonal Ayisyen an pare pou fè fas ak ensekirite a".

Pou kounyea, Ayisyen ap tann pou wè sak pral pase.

XS
SM
MD
LG