Accessibility links

Breaking News

Moise Jean Charles Bay Plis Detay sou Detansyon li Ozetazini


Ansyen senate Ayisyen ak kandida a la prezidans Moise Jean-Charles pale ak lapres nan ayewopo entenasyonal Toussaint Louverture la.
Ansyen senate Ayisyen ak kandida a la prezidans Moise Jean-Charles pale ak lapres nan ayewopo entenasyonal Toussaint Louverture la.

PORT-AU-PRINCE / WASHINGTON - Nan yon pale ak manm laprès Mekredi 26 Janvye a, ansyen senatè Ayisyen e lidè pati opozisyon Pitit Dessalines nan, Moise Jean Charles bay plis detay sou tretman li resevwa nan men otorite Ameriken yo nan Miami. Misye deklare tou, li pran kontak ak avoka pou l ka asiyen otorite Ameriken yo akoz move tretman li te resevwa .

Senatè a retounen Ayiti Madi abò yon avyon American Airlines, apre li te pase kèk èdtan an detansyon nan Miami apre li te refize reponn kesyon ajan imigrasyon ak la dwan te poze'l sou peyi etranje li te vizite yo.

Moise Jean Charles di li kite Ayiti 18 Janvye, li te fè eskal Miami, e ke li te pran avyon Qatar Airways pou'l al Nigeria. Misye di li pase 5 jou Nigeria. Vizit li nan Miami sete yon eskal dapre ex-senatè a anvan li te retounen Kap Ayisyen.

Moise deklare ajan Ameriken yo te poze'l kesyon sou sijè konvèsasyon li ak Prezidan Venezuelyen Nicolas Maduro, pandan yon vizit nan peyi sa a nan mwa Novanm 2021. Li demanti ke li te rankontre Maduro. Yo poze'l kesyon tou, sou sejou li ann Afrik, kiyès li te rankontre ak kisa yo te diskite.

"Koman'w vle mwenmenm mwen se yon lidè politik. M'di'w mwen pat janm pale ak Maduro nan mwa Novanm 2021. Wap egzije'm pou'm di sa'm te di. OK? Koman'w vle'm pou'm di sa'm te fè sou kontinan Afriken? Fò 'm ba'w rapò sou chak grenn moun m'te pale ave'l. Ahhh m'di si wap tiye'm tiye'm, men m'pap pale mwenmenm," Moise deklare bay laprès.

Li di yo te ba'l chwa pou'l swa reponn kesyon yo oubyen fè fas ak sanksyon: anilasyon viza Ameriken li, epi anpechman pou'l vwayaje Ozetazuni pandan 5 an.

Moise di yo te kesyone'l nan yon "chanm fwad" pandan 8 hèd tan ( 4p a minui) epi lè li rive kote yo tap fèmen ni e li refize antre, yo te briskile'l pou fè'l al nan selil la. Li deklare tou ke yo te mete yon "aparèy" nan bouch li.

Repons otorite Ameriken

VOA Kreyòl mande Customs and Border Patrol - Sevis la Dwan ak Patwouy Frontyè a eklèsisman fas ak akizasyon sa yo. Nou pa jwenn repons sou akizasyon presi sa yo pa rapò ak chanm nan epi aparey la. Sepandan, men sa yo te di nou pa rapò ak detansyon an:

"Pou pwoteje vi prive sitwayen, Sèvis La Dwan ak Pwoteksyon Frontyè a pakapab bay detay presi sou sak pase lè yon moun rive Ozetazini ni pwosesis imigrasyon an," Yon pòt pawòl Customs and Border Patrol (Sevis la dwan ak Gad Frontyè Etazini) di VOA.

"Gen règleman presi nan lwa imigrasyon Etazini ki bay 60 rezon ki ka lakoz nou pa aksepte pou yon moun antre nan peyi a. Lwa sa a gen plizyè kategori prensipal - pami yo sante, kondanasyon pou krim, rezon sekirite, chaj piblik, lwa travay, antre ilegal ak vyolasyon imigrasyon, dokimantasyon ak kèk lòt rezon ankò.

Tout moun ki vle antre Ozetazuni ka fè fas ak yon enspeksyon konplè lè li rive."

Pa rapò ak "chanm fwad" la ke Moise mansyone. Rechèch VOA Kreyòl fè jwenn ke "chanm fwad" la se yon mezi standar ke yo aplike lé ajan yo ap kesyone moun.

Restriksyon Vwayaj pou Venezuela, Qatar, Nigeria

Peyi Moise Jean Charles te vizite anvan li fè eskal Miami, se peyi ki sou lis alèt vwayaj Depatman Deta a. Venezuela ak Qatar nan nivo 4 kivledi: pa vwayaje nan peyi sa a. Etazini gen plizyè sanksyon li enpoze kont Venezyela akoz vyolasyon dwa moun, koken nan eleksyon, ensekirite, kidnapping ak COVID 19.

Etazini konseye sitwayen li yo pa al Qatar paske pandemi kowonaviris la ap fè ravaj nan peyi Mwayen Oryan sa a e yo pa rive kontwole'l.

Etazini mete Nigeria nan nivo 3 kivledi: re-konsidere vwayaje nan peyi sa a. Pami rezon li bay gen: krim, ensekirite, kidnapping, teworism ak COVID-19.

Fred Cayemitte kontribye a repotaj sa a, yon pati nan enfomasyon an soti nan Associated Press

XS
SM
MD
LG