Accessibility links

Breaking News

'Manda PM Ariel Henry pa lye ak 7 Fevriye' Sekretè d'Eta Adjwen Brian Nichols di VOA


Asistan Sekretè d'Eta Etazini pou Zafè Emisfè Oksidantal la, Brian Nichols.
Asistan Sekretè d'Eta Etazini pou Zafè Emisfè Oksidantal la, Brian Nichols.

Pandan yon kont randi li bay jounalis Ameriken ki kouvri Ayiti yo apremidi a sou sak te diskite nan rankont o somè Kanada oganize sou Ayiti, Sekretè d'Eta Adjwen pou Zafè Emisfè Oksidantal yo, Brian Nichols deklare: "manda premye minis [Ariel Henry] pa lye ak manda prezidan an (7 Fevriye). Sa pèp Ayisyen an vle e espere se pou kontinye fè pwogrè pou ka gen eleksyon ak yon prezidan eli demokratikman. Se sou sa gouvènman an ap travay kounyea. Mwen pa kwè pèp Ayisyen an konsantre'l sou dat 7 Fevriye a."

Anbasadè Nichols fè deklarasyon sa a pou reponn kestyon VOA Kreyol poze li pa rapò ak kè sote Etazini ta genyen pou sa ki ka pase ann Ayiti dat 7 Fevriye kap vini an.

"Lezetazini ak kominote entènasyonal la vle asire ke Polis Nasyonal Ayisyen an pare pou fè fas ak ensekirite a," Nichols di nou. Li ajoute ke gouvènman Ameriken an pral kontinye ede Ayiti ak pèp Ayisyen an.

Etazini se pi gwo donatè peyi d'Ayiti, e administrasyon Biden nan pran angajman pou apiye jefo Ayisyen ap fè pou jwenn yon solisyon pou kriz politik la ak lot pwoblem kap trakase peyi a.

Nichols di Etazini pa vle enpoze yon solisyon li ta pito apiye e ankouraje Ayisyen ak diaspora a kole tèt ansanm pou jwenn pwop solisyon pa yo.

XS
SM
MD
LG