SEOUL - Lame Kore di Sid la di Kore di Nò tire 2 pwojektil yo sispèk se misil balistik nan lanmè a. Se 6èm fwa Pyongyang lanse misil mwa sa a.
Chèf deta Majò Fòs Zame Kore di Sid la di zam yo, ke li sispèk gen kout pote, te lanse depi yon zòn sou kòt ès la, men li pa di pou kounyea ki distans yo te travèse.
Kore di Nò ogmante aktivite esè li yo nan jou ki sot pase yo pou mete presyon sou administrasyon Biden nan nan moman diskisyon nikleyè yo bloke.
Nouvo presyon sa a vini tou, nan moman pandemi a gen gwo konsekans sou ekonomi Nò a, ki deja ap trennen akoz sanksyon Etazini enpoze kont li kòm repons kif kif pou pwogram nikleyè li a ak plizyè deseni move jestyon gouvènman an.