Accessibility links

Breaking News
Azi

Seoul: Kore di Nò Lanse yon Lòt Pwojektil


Moun gade yon ekran televizyon kap bay enfomasyon sou lansman misil Kore di No a nan vil Seoul, kapital Kore di Sid, 14 Janvye 2022.
Moun gade yon ekran televizyon kap bay enfomasyon sou lansman misil Kore di No a nan vil Seoul, kapital Kore di Sid, 14 Janvye 2022.

Lame Kore di Sid la fè konnen Kore di Nò lanse omwens yon lòt pwojektil nan lanmè . Se 4èm fwa peyi sa teste zam ni mwa sa a.

Kore di Nò sanble ap eseye montre pwisans militè li, nan moman kote pandemi kowonaviris la fèmen frontyè yo epi mete yon ola nan diplomasi ak Etazini.

Chef deta Majò Fòs Zame Kore di Sid la pat ka di tou swit si zam nan sete yon misil balistik ni ki distans li te vwayaje. Li deja Lendi nan peyi sa .

Gen ekspè ki di lidè Kore di Nò a, Kim Jong Un rekòmanse ansyen taktik ki te bay bon rezilta nan le pase pou mete presyon sou Washington ak peyi vwazen li yo nan zòn nan ak lansman misil ak menas gwo ponyèt li konn fè anvan li ofri pou'l negosye ak objektif pou'l jwenn kèk konsèsyon.

XS
SM
MD
LG