Accessibility links

Breaking News

Washington Pran Sanksyon Kont 5 Nò-Koreyen Apre Dènye Lansman Misil la


북한이 11일 김정은 국무위원장이 참관한 가운데 극초음속미사일 시험발사에 성공했다며 사진을 공개했다.
북한이 11일 김정은 국무위원장이 참관한 가운데 극초음속미사일 시험발사에 성공했다며 사진을 공개했다.

Mèkredi, Lèzetazini te enpoze sanksyon finansye sou senk Nò-Koreyen ki asosye ak pwogram zam nikleyè Pyongyang lan, apre dènye lansman misil balistik li yo.

Brian Nelson ki se sous-sekretè Trezò Ameriken di nan yon deklarasyon:

"Dènye lansman misil Kore di Nò a se yon lòt prèv ke li kontinye elaji pwogram nikleyè li yo malgre apèl kominote entènasyonal la pou fè pou li antre nan pwogram denuklearizasyon."

Yo prezante senk moun ki vize pa sanksyon sa yo kòm "responsab pou founi" Kore di Nò ak machandiz pou "zam destriksyon an mas ak pwogram misil balistik" li yo.

Youn nan yo, Choe Myong Hyon, ki baze nan Larisi e ki lye ak yon enstitisyon Kore di Nò deja sanksyone pou patisipasyon li nan devlopman zam nikleyè . Kat lòt yo, Sim Kwang Sok, Kim Song Hun, Kang Chol Hak ak Pyon Kwang Chol, ki gen rapò ak menm enstitisyon sa, yo baze nan peyi Lachin yomenm.

An menm tan an, Trezò Ameriken an te sanksyone Kore di Nò, O Yong Ho, Ris Anatolievich Alar ak antite Ris Parsek pou "aktivite oswa tranzaksyon ki te kontribye ak materyèl nan pwopagasyon zam destriksyon an mas" nan Kore di Nò.

Li posib pou tout byen moun sa yo bloke Ozetazini epi yo pral bloke aksè yo nan sistèm finansye Ameriken an.

Pyongyang te di ke li te teste avèk siksè yon misil ipèsonik semèn sa a pou twazyèm fwa depi septanm. Washington kondane lansman misil la, li di li vyole rezolisyon Nasyonzini yo epi li se yon "menas" pou "kominote entènasyonal la".

XS
SM
MD
LG